Gouvènman ayisyen an ap bay 261 mil paran sipò finansye pou rantre lekòl ane 2024 la


Categories :
Partager

Gouvènman Repiblik la deside bay 261 mil paran yon bourad finansye pou rantre lekòl ane 2024 la. Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ak Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES) mete tèt ansanm pou fasilite dewoulman operasyon sa a ki jwenn finasman nan Pwogram Ijans Miltisektoryèl la.

Paran elèv ki nan lekòl nasyonal yo, lekòl kominal ak lekòl kominotè, soti premye ane pou rive nan 9yèm ane fondamantal ap resevwa 20 mil goud.

Paran ki enterese yo, nan depatman ki konsène yo, dwe pase nan lekòl nasyonal yo pou ranpli fòmilè ki ranmase enfòmasyon ki nesesè sou yo ak sou timoun yo.

Direktè lekòl yo gen responsabilite pou veye sou bon jan kalite enfòmasyon sa yo. Se sèl fason pou garanti paran yo kapab benefisye soutyen finansye sa a.

Apre evalyasyon fyabilite enfòmasyon sou chak paran ak chak elèv, se lè sa a vèsman 20 mil goud sou kont an bank paran yo oubyen transfè menm montan sa a atravè Natcash oubyen Moncash ap posib.

Depi lè yo ap ranpli fomilè a, paran yo dwe presize ki metòd yo chwazi, yon fason pou yo kapab benefisye rapid vit asistans finansye sa a.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *