Nan kad Pwogram Ijans Miltisektoryèl la (PUM), Gouvènman Repiblik la, atravè Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST) nan tèt kole ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), gras ak ekspètiz, Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES), deside kontinye sipòte paran yo pou rantre lekòl la.
N ap pwofite enfòme w konpayi Digicel gentan bay pou jounen 10 oktòb pase a, 21987 transfè monetè nan depatman lwès peyi Dayiti.
Pou jounen 13 oktòb la menm se te paran benefisyè nan depatman Sid ak Grandans ki te resevwa transfè pa yo a. Nan Grandans, Konpayi Digicel fè 3943 transfè alòske pou depatman sid la se 5744 transfè ki reyalize pou jounen an.
FAES ap pwofite fè w konnen, Konpayi DIGICEl prevwa pou jounen 14 oktòb la, touche depatman Sidès ak 5120 transfè, pandan li pwal fè tou 4524 tranfè monetè pou depatman Sant ak Nip.
SIbvansyon pou rantre lekòl la ap touche tout dis depatman peyi a, se pou sa pou jounen 15 oktòb k ap vini la a, DIGICEL prevwa fè 1486 transfè pou depatman Nòdès ak Nòdwès, pandan nan menm tan an l ap fè 3381 transfè pou depatman Nò a.
Latibonit ap jwenn limenm, jou k ap 16 oktòb la, 5502 transfè. Ototal, pou rive 17 oktòb 2025, yon dat enpòtan nan listwa peyi a, Konpayi DIGICEL ap reyalize 51687 transfè nan kad Pwogram Ijans Miltisektoryèl la (PUM) ki egal 775 305 000 goud.
Ann byen gade tablo ki pi ba a, pou plis detay.
