Enskri

Ayiti ap travèse yon peryòd trè difisil kounye a, sitou nan Depatman Lwès la. Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES), yon antite endepandan gouvènman an, rete angaje nèt ale pou idantifye ak mete an aplikasyon pi bon solisyon pou ankouraje enklizyon sosyal ak ekonomik pèp ayisyen an. Konvenki nan potansyèl jenès la, FAES vle koute vwa, sijesyon, ak lide kreyatif jèn yo pou n ka bati yon avni pi bon ansanm!

Fransè

Objektif konkou a

Konkou « Bay jèn k’ap viv an Ayiti yo la pawòl ». la pou ankouraje tout jèn yo bay tout yo menm pou patisipe nan devlope kominote kote y’ap viv la.

Pou sa nou envite tout patisipan yo pataje (videyo, ide, foto ak zèv atistik yo genyen yo) ki pou montre bezwen ijan jèn nan katye ki nan pi ba nivo yo.

Sa ki objektif la se : Enplike tout jèn yo pou mete men nan travay la pou ka pran bon jan desizyon epi jwenn solisyon k’ap dire pou pèmèt kominote kote yap viv la avanse.

Kisa li ye ?

Konpetisyon sa a se yon opòtinite pou fè tande vwa w ak lide w yo!

 

Ou se yon jèn ant 15 ak 30 an epi ou ap viv nan Ayiti? Nou bezwen’w pou pote pi bon lide sou fason nou ka amelyore katye ki pi frajil nan peyi Ayiti.

 

Avèk zanmi w yo, nou envite w soumèt pwopozisyon kreyatif (an videyo, foto oswa travay atistik) ki montre bezwen jèn tankou’w. Nou vle konnen sa w ta renmen wè oswa fè nan katye w pou amelyore lavi jèn yo!

 

Objektif konpetisyon an se bay jèn tankou’w opòtinite pou patisipe nan pran desizyon epi kontribye nan kreye solisyon dirab pou kominote w.

 

 

Kiyès ki ka patisipe ?

Tout jèn Ayisyen ant 15 ak 30 an ka patisipe, swa pou kont yo oswa an gwoup 2 oswa 3 moun.Si w gen mwens pase 18 an, w ap bezwen mete non ak enfòmasyon kontak yon granmoun ki responsab ou (fòk li gen omwen 18 an) nan fòmilè a.

Kijan POu PatisiPe?

Ou ka chwazi (pou kont ou oswa avèk ekip ou) youn nan kesyon sa yo:

 

 

  1. Si ou te Prezidan Ayiti pou yon jou, ki jan ou tap ede jèn nan katye w?
  2. Si ou te yon ekstraterès ki sòti nan yon lòt planèt epi ou ta rive Ayiti, ki nesesite ou tap kouvri nan mitan jèn nan katye w?
  3. Si ou te posede yon gwo espas nan katye w (patankou yon sant ak yon gwo sal oswa yon espas ouvè), ki jan ou tap itilize l pou ede ak angaje jèn nan zòn ou a?

Reponn youn nan kesyon sa yo nan youn (sèlman youn) nan twa kategori sa yo:

VIDEYO:  Yon videyo ki dire maksimòm 1 minit.

 

FOTO: Yon foto ak yon deskripsyon ki gen maksimòm 500 karaktè (pou patisipan endividyèl sèlman).

 

TRAVAY ATISTIK: Yon travay atistik (penti, eskilti, chante, dans) ak yon deskripsyon si sa nesesè ki gen maksimòm 500 karaktè.

Kijan POu vOye PatisiPasyOn w la ?

Li fasil! Klike sou lyen sa a (KLIKE ISIT) pou ranpli fòmilè a. Nan menm fòmilè sa a, ou ka voye videyo w, foto w oswa travay atistik ou a pou kategori ou chwazi

  1. Asire w ke‘w respekte gwosè maksimòm dosye a pandan w ap voye’l. Ou ka wè yon egzanp isit.

Kilè ?

Men dat enpòtan yo:

Peryòd ki louvri pou soumèt patisipasyon’w.

28 NOVANM 2024 rive 20 JANVYE 2025:

dènye jou pou’w soumèt patisipasyon. Fè atansyon pou w pa rate chans ou!

JANVYE – FEVRIYE 2025:

Nap chwazi finalis yo.

MAS 2025:

Nap anonse epi remèt prim bay finalis yo.

PATAJE LIDE W AVÈK NOU: KLIKE ISIT!

PRim yo

Gen anpil prim pou finalis yo!

Premye moun nan chak kategori ap resevwa yon òdinatè pòtatif. Men, pa dekouraje! Pral gen anpil lòt prim pou finalis yo, tankou tablèt, telefòn mobil, kas ekoutè san fil, ak lòt sipriz!

Prim yo ap remèt bay gayan yo pandan yon sware espesyal nan Pòtoprens avèk DJ, manje ak envite espesyal.

Pa ret tann, patisipe kounye a!

POU PLIS ENFÒMASYON, LI EPI TELECHAJE TÈM AK KONDISYON YO ISIT.

Sign in Create an Account

Lost your password?